JAKOPYEVÈT : IFE AK SOUL POU LAVI
ByMichel-Ange HyppoliteMarlène Chouloute
Usually printed in 3 - 5 business days
Lèt Ife ak Soul, Michel-Ange Hyppolite -Kaptenn Koukouwouj- (2006), Tanlapli, Frantz Benjamin (2006), Langay Lanmou, Henri-Robert Durandisse (2007), 126 Lèt Damou, Jocelyne Trouillot (2011), tout se liv ki nan kategori lèt. Genyen tou Deny Dorvil, ki anbake nan apwòch ekri lèt la. Men, li pito rele lèt yo Biyè. Konsa, nan ane 2023, li te ekri Tibiyè Pou Granpapa Desalin.
Jounen jodi a, nou gen okazyon prezante nou Jakopyevèt: Ife ak Soul pou lavi. Se yon jalon anplis, nou ap poze pou nou anrichi kategori literè ki rele Lèt la. Sa ki enteresan nan travay ki fèt nan kategori literè sila a, sèke, jouk jounen jodi a, ekriven yo pa senpman pale sou lanmou oswa pwoblèm sosyal. Lèt sa yo se toujou yon pretèks pou otè sa yo pran an konsiderasyon yon kòz inivèsèl kòm ankraj pou yo abòde kèk pwoblèm ekzistansyèl.
Details
- Publication Date
- Aug 9, 2025
- Language
- Haitian Creole
- ISBN
- 9782982315655
- Category
- Poetry
- Copyright
- All Rights Reserved - Standard Copyright License
- Contributors
- By (author): Michel-Ange Hyppolite, By (author): Marlène Chouloute, Edited by: Dr. Sandy Larose
Specifications
- Pages
- 133
- Binding Type
- Paperback Perfect Bound
- Interior Color
- Color
- Dimensions
- Digest (5.5 x 8.5 in / 140 x 216 mm)