KWADÈBOSAL

KWADÈBOSAL

BySandy LAROSE, Ph.D.

This ebook may not meet accessibility standards and may not be fully compatible with assistive technologies.
Powèm sila a se yon rivyè lanmou k ap koule nan yon kè ki ranpli ak mounite. Tèks sila a rakonte lanmou m pou peyi m, pou fanm peyi m, pou lanati. Tèks sila a se yon powèm lanmou ki plen ak entrig makònen ak lespwa m pou yon lòt Ayiti. Anvan m al pi lwen kite m raple kisa ki enspire m tèks sila a epi ki rezon ki pouse m chwazi tit sa a. Nan lane 2006, pwofesè Jacques Gourgues nan Fakilte Syans moun nan Inivèsite Leta Ayiti a, nan yon kou filizofi di konsa : « Machann anba lavil nan mache kwadèbosal pi powèt pase anpil powèt an Ayiti ». Jou sa a, anpil etidyan te estomake, genyen ki te move kou kong, genyen tou ki te ri ra gagang. Koze sa a rete epi li domine m pandan plizyè lane. Mwen mande tèt mwen kouman yon somite tankou pwofesè Gourgues rive di yon bagay konsa? Men sa ki plis domine m lan, m di e si li gen rezon : ki avni pwezi ak literati nan peyi d Ayiti ? Koze an pwovokan, li chokan, men li bay plas pou n medite epi chèche konprann pi byen kisa ki pwezi. Lè m pran tan m pou reflechi, pwofesè an ta vle di powèt nou yo pa lib, yo pa konn jwe ak mo, yo manke plimay nan pwezi. M ta di nan fason pa m yo manke pwezoloji. Pwezi an dwe gen pwòp lojik li. Pèsòn pa ka di l powèt si li pa oze kreye yon bagay pèsòn pa ko tande ni wè. Pwezi an se yon espas batay nan tout sans. Powèt la nan yon konba pèpetyèl. L ap konbat ak lanmou, l ap konbat ak lavi, l ap batay tou pou kreye yon atizay ki pote mak fabrik li.

Details

Publication Date
Feb 13, 2025
Language
English
ISBN
9782982139848
Category
Poetry
Copyright
All Rights Reserved - Standard Copyright License
Contributors
By (author): Sandy LAROSE, Ph.D.

Specifications

Format
EPUB

Ratings & Reviews