NAN BOUT PEYI
This ebook may not meet accessibility standards and may not be fully compatible with assistive technologies.
Li difisil pou nou konnen si tout sa granmoun yo rakonte nou se verite, sitou lè nou panse nou pi konnen pase tout moun. Bouch granmoun santi tabak men li pa santi manti. Se pou sa m toujou pran oserye tout sa Grann Tida ki se yon grandètmajè pale ak mwen.
Pou kòmanse, nan tan lontan lavi nan peyi d Ayiti te ranpli ak listwa imajinè yo rakonte chak jou. Men, anpil moun pa rive fè diferans ant sa ki reyèl ak sa ki imajinè. Einstein ki se youn nan pi gwo fizisyen di, li enpòtan pou n rakonte timoun yo istwa imajine pou penmèt lespri yo devlope.
Depi m tou piti, Grann Tida te toujou pale m de Bout Peyi. Se te rèv mwen pou m dekouvri peyi sila.
Details
- Publication Date
- Jan 17, 2026
- Language
- Haitian Creole
- ISBN
- 9782982139862
- Category
- Comics & Graphic Novels
- Copyright
- All Rights Reserved - Standard Copyright License
- Contributors
- By (author): Sandy Larose
Specifications
- Format