se pa tout rèl ki sot nan bouch
gen nan yo k ap kabicha nan silans
genyen ki kwense 2 pye devan
anba ti vant mo yo
Wilkens Scott Fifi fè pati Powèt matwòn
sila yo k ap akouche rèl yo
menm nan mo ki pa ka pote yo
Libera se yon kri tou kri
yon danmijann ki mele
siwo lòja ak asosi
lanmou mache toutouni nan demach Powèt la lanmò menm ap wose pou mezire wotè l ak lavi
Scott pa sèlman pale
de sa moun konn wè ni viv
Powèt la pale koze sèlman lespri ka apreyande nan yon langaj vif
Ak Libera Scott vin libere
Kri ki kwense nan jig konfòmite
nan yon langaj lib e libè
fin li l w a wè.
Styven Mangurart
Powèt, Otè
Details
- Publication Date
- Apr 15, 2025
- Language
- Haitian Creole
- ISBN
- 9781300465768
- Category
- Poetry
- Copyright
- All Rights Reserved - Standard Copyright License
- Contributors
- By (author): Wilkens Fifi
Specifications
- Pages
- 42
- Binding Type
- Paperback Perfect Bound
- Interior Color
- Black & White
- Dimensions
- US Trade (6 x 9 in / 152 x 229 mm)